Jean Métellus
Image illustrative de l’article Jean Metellus
Fonksyon ekriven womansye, powèt, dramatij, eseyis
Nesans
Jakmèl
Lanmò (ak 76 ane)
Bonneuil-sur-Marne Frans
Nasyonalite ayisyen

Jean Métellus se yon ekriven ayisyen (womansye, powèt, dramatij, eseyis).

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

Papa Jean Metellus ak manman li te boulanje. Se nan menm kay boulanjri a yo te abite. Jean te fè etid primè li lakay Frè epi segondè yo nan Lise Pinchinat. Se nan menm lise sa a li te jwenn yon djòb pwofesè matematik, an 1957.

Se nan menm ane sa a François Duvalier te monte o pouvwa. Menm si otè a te senpatize avèk gouvènman Papa doc la lè li te fenk monte, li te vinn pa dakò ak politik kraze brize diktati a. Sekifèke, nan lane 1959, Jean pran wout la Frans pou li. Se la li etidye la medsin epi lengwistik.

Li te pibliye a Pari kay edisyon Nadeau, yon rekèy ki rele Au Pipirit Chantant, ki te gen anpil siksè. Yon gwo entelektyèl tankou André Malraux te fou pou li.

Jean te travay kòm doktè nan Sant ospitalye Emile Roux. Kòm newològ, li te travay avèk moun ki gen pwoblèm langaj, sitou etranje.

Jean marye avèk yon pwofesè fransèz epi li gen de pitit.

Zèv li yo

[modifye | modifye kòd]

Liv sou Métellus

[modifye | modifye kòd]

Rekonpans ak rekonesans

[modifye | modifye kòd]

Referans

[modifye | modifye kòd]

Lyen deyò

[modifye | modifye kòd]