Kettly Mars
Image illustrative de l’article Kettly Mars
Nesans (65 ane)
Pòtoprens
Nasyonalite Ayisyen

Kettly Pierre Mars, rele Kettly Mars, ki fèt 3 septanm 1958 nan Pòtoprens (Ayiti), se yon fanm ekriven ayisyèn.

Biyografi

[modifye | modifye kòd]

Kettly Pierre Mars se yon fanm ayisyen ki fèt Potoprens 3 septanm 1958 nan peyi Ayiti. Li ekri plizyè woman, nouvèl ak pwezi. Nan zèv li yo, li montre reyalite peyi Ayiti. Aprè etid klasik li, li fè lòt etid pwofesyonèl nan administrasyon. Depi lè li te piti, li te renmen literati, men se nan lane 1990 yo ke li kòmanse ekri.

Li kòmanse travay avèk pwezi nan domèn ekri a. Se nan jan literè sa ke otè a eksprime kreyativite li epi tou li kòmanse ak lòt. Se pwezi li ekri yo ki pral montre valè sa li ekri yo. Epi otè a enterese nan ekri nouvèl epi li pibliye premye nouvèl ki se Un parfum d’encens nan vil nan Pòtoprens nan lane 1999. An plis, yo ba li nan lane 1996 premye prim konkou Jacques Stephen Alexis ki se yon nouvèl. Distenksyon sa te yon kòmansman pou Kettly Mars nan literati.

Enspirasyon Kettly Mars pou li ekri zèv li yo se sansyalite, lanmou, belte nati a, bagay ki fèt chak jou. Literati li a antre nan kad kouran reyalis, paske nan jan li ekri, li montre detrès sosyete Ayiti a ki devaste jis nan zo avèk pwoblèm goumen nan ekonomi ak politik epi ki toujou ap chache yon idantite. Nan zèv li yo, li poze kesyon tou sou pwoblèm dwa fanm.

Ekri Kettly Mars yo trè reyalis paske yon kote li mete an valè verite ak orijinalite eritaj miltikiltirèl li.

Li pibliye nan lane 2018 yon uityèm woman, L’Ange du patriarche ki prezante miwa sosyete ayisyèn kontanporèn an.

Zèv li yo

[modifye | modifye kòd]

Woman

[modifye | modifye kòd]

Woman fèyton yo

[modifye | modifye kòd]

Nouvèl yo

[modifye | modifye kòd]

Pwezi yo

[modifye | modifye kòd]

Rekonpans

[modifye | modifye kòd]

Bibliyografi

[modifye | modifye kòd]

Referans

[modifye | modifye kòd]

Lyen deyò

[modifye | modifye kòd]