Se Aimé Césaire ki kreye mouvman politik e literè sa a pou revandike plas Nèg, Afriken, Karibeyen nan kilti, istwa ak politik. Li pran pozisyon kont tout lespri kolonizasyon yo.

Li kreye mouvman sa a ak Léopold Sédar Senghor epi Léon Gontran Damas.

Konsyans negritid la se gwo filozòf, entèlektyèl e politisyen ayisyen Anténor Firmin ki te parèt ak li nan yon liv li te ekri ki rele De l’égalité des races humaines (« Konsènan egalite ras moun ») ke li te ekri kòm repons bay filozòf rasis Joseph Arthur de Gobineau ki se yon ekriven fransè ki se otè liv Essai sur l'inégalité des races humaines (« Esè sou inegalite ras moun »). Nan liv sa a, misye eseye montre ke ras blanch lan siperyè pase tout lot ras ki gen sou latè.

Gade tou

Bibliyografi

Tèks orijin

N ap twouve nan literati

Referans

Lyen deyò